Redimensionner les textes:
  • A A A
  • Fon pou Dwa Moun Andikape ap pibliye premye Apèl pou soumèt pwopozisyon/pwojè pou ane 2016

    POU PIBLIKASYON LAN LAPRÈS TOUSWIT

    Fon pou Dwa Moun Andikape ap pibliye premye Apèl pou soumèt pwopozisyon/pwojè pou ane 2016

    9 fevriye 2016

    Kontak: Diana Samarasan, Direktè Egzekitif Fondatè
    Nimewo telefòn: + 1-617-261-4593
    Imèl: dsamarasan@disabilityrightsfund.org

    Fon pou Dwa Moun Andikape ap pibliye premye Apèl pou soumèt pwopozisyon/pwojè pou ane 2016BOSTON, MA – Fon pou Dwa Moun Andikape (DRF) – yon sibvansyon kèk donatè nan tèt kole ak kominote andikape mondyal la ki sipòte dwa moun ki gen andikap – anonse jodia premye wonn pou sibvansyon 2016 yo, sou baz “Atik 10 Konvansyon Nasyonzini sou Dwa Moun Andikape: Dwa pou devlopman.” nan wonn sa a yap sible òganizasyon moun ki andikape (DPO) nan Gana, Ayiti, Endonezi, Malawi, ak Myanma. Dat limit pou aplikasyon yo se 14 mas 2016

    Objektif jeneral Fon an se ranfòse epi ankouraje Òganizasyon Moun Andikape yo (DPO) nan peyi ki lan vwa devlopman yo, pou yo entegre prensip Konvansyon Nasyonzini sou Dwa Moun Andikape yo (CRPD) pou ranfòse patisipasyon moun kap viv ak andikap nan sosyete a.

    Nan premye wonn sibvansyon 2016 sila, òganizasyon ki soti nan peyi Gana, Ayiti, Malawi, ak Myanma ka aplike pou sibvansyon a travè yon pwosesis toulouvri Apèl- pou soumèt pwopozisyon/pwojè. Òganizasyon ki soti nan peyi Endonezi ka aplike sou baz envitasyon sèlman.

    Òganizasyonki reponn ak pwofil sa kapab aplike:

    a) òganizasyon ki travay poukont yo oswa ki travay nan patenarya pou yon Ti Sibvansyon yon lane;
    b) Kowalisyon ki dirije pa òganizasyon moun andikape nan nivo Eta (nan sistèm federal), nivo rejyonal, oswa nivo distri, pou yon Sibvansyon nivo Mwayen pou 2 lane epi/oswa
    c) Kowalisyon Nasyonal ki dirije pa Oganizasyon moun andikape (DPO) pou yon sibvansyon nivo Nasyonal pou 2 lane

    Ti sibvansyon ap kòmanse a pati 5 mil dola ameriken pou rive 20 mil dola ameriken epi yo pral gen pou sipòte efò pou ranfòse patisipasyon Óganizasyon Moun Andikape (DPO) yo nan pwosesis pou pran desizyon ki konsène Konvansyon pou Dwa Moun Andikape (CPRD) nan respè Objektif Devlopman Dirab (ODD – SDG) epi mete sou pye pwojè ki gen rapò ak atik espesifik CRPD a oswa Objektif Devlopman Dirab yo SDG.

    Sibvansyon Nivo Entèmedyè yo pral sòti 30 mil dola ameriken – pou rive 40 mil dola ameriken chak ane (60 mil – 80 mil dola ameriken sou 2 lane) yap genyen pou sipòte pledwaye pou yon seri lwa espesifik oswa fè adopte politik nasyonal ki an akò ak Konvansyon Nasyonzini pou Dwa Moun Andikape (CRPD), ansanm ak Objektif Devlopman Dirab yo (ODD – SDG) lan nivo lokal (Eta/nan sistèm federal, provensyal, rejyonal oswa distri), yo dwe fè pledwaye pou bidjè leta a pran an konsiderasyon sa ki di lan Konvansyon Nasyonzini pou Dwa Moun Andikape (CRPD) ansanm ak Objektif Devlopman Dirab (ODD – SDG).

    Sibvansyon Kowalisyon Nasyonal ap sòti 30 mil dola ameriken pou rive 50 mil dola ameriken pou yon lane (60 mil – jiska 100 mil dola ameriken sou de 2 lane) epi li pral sipòte pledwaye pou ratifikasyon Pwotokòl Opsyonèl Konvasyon an (CRPD), adopsyon lejislasyon nasyonal espesifik ki an akò ak Konvansyon an (CRPD), pwodiksyon ak/oswa suivi rapò sosyete sivil soumèt bay óganisation Nasyonzini pou mekanis suivi sou pwoteksyon dwa moun (ki gen ladan l: komite CRPD an, lòt kò ki trete kesyon an, epi Manm Konsèy Dwa Moun), pledwaye bò kote ajans nasyonal oswa entènasyonal ki responsab planifikasyon devlopman, pou asire plan daksyon nasyonal ki mete sou pye yo ak pwogram ki vize reyalizasyon Objektif Devlopman Dirab SDG yo enklizif epi pran an konsiderasyon moun kap viv ak andikap epi sèvi ak Konvansyon an (CRPD) kòm yon dokiman gid ; epi pledwaye pou asire enklizyon fòmèl reprezantan Òganisation Dwa Moun Andikape yo (DPO) nan mekanis gouvènmantal yo sou aplikasyon epi suivi konvansyon an (CRPD).

    Òganizasyon ki enterese yo ta dwe pran konesans prese prese tout kritè kalifikasyon yo epi tout detay pou aplikasyon an ki pibliye sou sit entènèt Fon an, http://redirect.state.sbu/…. Pou tout kesyon sou pwosesis sila a tanpri eki nou sou sit entènet : info@disabilityrightsfund.org.

    Avèk lòt fon patnè li yo, Fon pou Pledwaye pou Dwa Moun Andikape (DRAF) – ki sipòte pledwaye pou ratifikasyon konvansyon an (CRPD) ak chanjman lwa nan peyi kote Fon Dwa Moun Andikape (DRF) sible yo – Fon pou Dwa Moun Andikape (DRF) finanse pwojè pou plis pase $ 17 milyon dola ameriken pou 259 òganizasyon nan 32 peyi (Afrik : Gana, Malawi, Namibi, Rwanda, Ouganda; Lazi : Bangladèch, Ozend, Endonezi; Ewòp delès : Ikrèn; Amerik Latin ak Karayib : Ekwatè, Ayiti, Meksik, Nikaragwa, Perou; Mwayen Oryan : Liban; ak peyi zile Pasifik yo – Zile Cook, Eta Federe nan Mikwonezi, Fidji, Kiribati, Nauru, Palau, Papwa Nouvèl Gine, Repiblik nan Zile Marshall yo, Samoa, Lèzil Salomon, Tonga, Tuvalu, ak Vanwatou) ak lòt òganizasyon rejyonal ak entènasyonal, kòmanse depi nan lane 2008 rive jodia.

    Fon pou Dwa Moun Andikape (DRF) resevwa sipò finansye yon gwoup donatè enpòtan, ki gen ladanl: Fon la Fanmi Ansara nan Fondasyon Boston (Ansara Family Fund of the Boston Foundation), Fondasyon Jozèf P. Kennedy (Joseph P. Kennedy Foundation), Fondasyon pou Pwomosyon Sosyete tou Louvri, yon pati nan fondasyon Sosyete tou Louvri (The Foundation to Promote Open Society, part of the Open Society Foundations) ak èd Gouvènman Wayòmini (U.K.). Depatman Afè Etranjè ak Komès Gouvènman peyi Ostrali (DFAT) se yon donatè Fon pou Pledwaye Dwa Moun Andikape (DRAF).