Redimensionner les textes:
  • A A A
  • Le BSEIPH dénonce l’utilisation de propos discriminatoires (Note de presse)

    Nòt pou laprès

    Depi kèk tan, se ak anpil regrè Biwo Sekretè d Eta pou Entegrasyon Moun Andikape yo (BSEIPH) konstate pawòl dezoblijan ki sèvi pou pale de moun andikape nan divès emisyon radyo ak televizyon. Pawòl sa yo chaje ak imaj ki negatif. Atitid sa yo charye prejije, yo makònen ak yon diskou tèt chaje, yon diskou k ap plede derespekte moun andikape yo. Sa se yon sitiyasyon k ap fè nou fè bak epi anpeche moun andikape kontinye pran pye nan sosyete a. Diskou sa yo demode, yo pa kadre ak epòk modèn n ap viv la.

    Depi peyi a te fin ratifye 2 konvansyon entènasyonal sou dwa moun andikape yo nan lane 2009, nou ka di fason moun pale de moun andikape yo te kòmanse evolye nan yon sans ki pozitif : Konvansyon sa yo te kòmanse kreye plis respè pou moun andikape yo, pwoteje moralite yo, kò yo ak entegrite yo kòm moun. Lwa 13 mas 2012 la, ki vin ranfòse konvansyon sa yo, te pouse nou fè plis jefò nan sa ki gen pou wè ak rekonesans dwa moun andikape yo. Youn nan pi gwo misyon BSEIPH se voye jete vye pawòl ki chaje ak prejije sou moun andikape yo. Travay sa a kòmanse bay bon rezilta. Nou pa kapab fè bak ankò.

    Nan sans sa a, BSEIPH ap pwofite atire atansyon jounalis yo, animatè ak direktè opinyon yo ansanm ak moun k ap entèvni nan radyo ak televizyon nan tout peyi a pou yo veye fason y ap pale de moun andikape yo. Vreman vre, nan dènye tan sa yo, entèvnan nan medya yo souvan sèvi ak imaj moun andikape kòm senbòl pou reprezante feblès, mankman ak move konpòtman ke n jwenn nan yon sitwayen oswa yon gwoup sitwayen nan sosyete a — kit yo andikape, kit yo pa andikape. Jounen jodi a, pawòl tankou « kokobe », « mongòl », « bègwè », « je pete », « bèbè » ak yon bann lòt pa dwe sèvi ankò pou n pale de moun andikape yo. Pito nou sèvi ak mo tankou « moun andikape », « moun ki gen defisyans entelektyèl », « moun avèg » ak « moun soud » lè nou vle pale de yon moun andikape. Se konsa BSEIPH envite chak aktè pou yo rete vijilan pou n kore pwogrè ki deja fèt pou pwoteje dwa moun andikape yo. Envitasyon sa a se espesyalman pou medya yo, ki se yon patnè enkontounab nan travay pou n chanje mantalite konsènan moun andikape ann Ayiti.

    Ak nòt sa a, Biwo Sekretè d Eta pou Entegrasyon Moun Andikape yo envite tout moun nèt ale pou yo fè plis atansyon ak kalte pawòl y ap itilize pou yo pale de moun andikape, yon fason ki pou ede kaba diskriminasyon kont yo. Konsa tou, BSEIPH ap pwofite pou remèsye tout moun ki pote kolaborasyon ak kontribisyon yo nan jefò pou n bati yon sosyete ki respekte dwa tout moun san eksepsyon.

     

    ↑ Voir sur Facebook

    ↑ Cliquez sur la photo pour accéder à la note de presse sur Facebook